Chwazi yon SIL pou laboratwa ou a

Yon SIL (sistèm jesyon enfomasyon pou laboratwa) kapab konplètman chanje fason travay la fè nan yon laboratwa e ka antrene yon amelyorasyon siyifikatif nan prodikitivite laboratwa,e anplis li ka infomatize anpil done. Chwazi yon bon SIL pou yon laboratwa enpòtan anpil paske li se yon envestisman finansye, men tou, tan pou fè yon bon chwa. Anvan ou deside, li enpòtan pou wè ki pwodwi ak òf ki disponib sou mache a.Li trè enpòtan pa egzanp pou chèche enfòmasyon nan lòt antrepriz kap itilize modèl sistèm sa yo, pouw ka konnen si anplwaye yo ak dirijan yo satisfè, ki karakteristik yo panse ki pi enpòtan, si yo jwenn pwoblèm lè yap itilize sistèm sa yo.

Pafwa li difisil pou jwenn yon pri egzat sof si ou kontakte dirèkteman founisè SIL yo. Efektivman sistèm sa yo jeneralman adaptab e modifyab selon bezwen ak demann kliyan an, founisè SIL yo dwe konnen espesifikasyon yo avan yo baw yon tarif. Anvan ou kòmanse fè entèroje yo, li nesesè pou defini tout bezwen yo, fonksyon enpòtan yo, kantite itilizatè yo, elatriye. Plis espesifikasyon yo detaye, plis lap fasil pouw jwenn yon pri egzak. Sa a pral tou elimine bagay ou pa bezwen yo.

enplemantasyon yon SIL oswa ranplasman yon pwodwi pa yon lòt, ka yon ti jan difisil. Anpil founisè tou ofri yon fòmasyon pou anplwaye laboratwa ak sipò pandan faz lansman. Li nesesè pou tranzisyon soup, se konsa moun ki konsène yo ka manipile nouvo zouti sa nan bon kondisyon. Donk nou dwe asire nou ke moun ki freye lojisèl la ak moun laboratwa yo travay ansanm pou enstalasyon an ka byen pase.

Kèlkeswa sitiyasyon aktyèl la nan laboratwa a, avèk oswa san SIL, li esansyèl ke founisè a ka pwopoze yon solisyon adapte a bezwen biznis sa a e non yon pwodwi estanda oswa ki pa trè ergonomic. Eksperyans ekip la ak fleksibilite sistèm nan trè enpòtan. TainoSystems ofri tout bagay sa yo ak Silabmed, yon pwodwi devlope e ki fèt pou satisfè demand laboratwa yo e ki dwe adaptel ak karakteristik chak nan yo. Ekip la asire nan tout devlopman ak mizanplas la ke tout bagay fè pou fè deplwaman Silabmed ka yon siksè, pou anplwaye yo ka itilize byen vit nouvo SIL. Se konsa, li posib pou chak nan yo reyalize byen vit kantite nou ekonomize ak pwodiktivite ke nou atenn lè nou travay chak jou