Silabmed, yon SIL trè pèfòman.

Lè pou chwazi yon SIL ( sistèm Enfòmasyon pou Laboratwa) pou biznis ou, desizyon sa ka baw tèt fè mal. Li enpòtan anvan ou fè chwa pou ou kòmanse pa yon rechèch kote founisè yo epi defini ki sa wap gen bezwen nan laboratwa a, karakteristik yo ki nesesè yo ak sèvis wap tann nan men founisè a. Sa a pral fasilitew chwazi yon founisè ki kapab ofri yon pwodwi ki satisfè atant ou yo.

Pou satisfè bezwen espesifik sa yo nan laboratwa.TainoSystems devlope Silabmed, yon lojisyèl jesyon ki fèt pou amelyore pwodiktivite ak fonksyònman laboratwa. Tankou lòt SILs, Silabmed konplètman adaptab ak bezwen kliyan yo, men gen anpil lòt fonksyon ankò. Li ka jere faktirasyon, voye otomatikman rezilta yo, li ka konekte ak aparèy laboratwa, kidonk ekonomize anpil tan lè pou voye rezilta bay kliyan yo. Kòm nan lòt biznis, satisfaksyon kliyan trè enpòtan e fonksyon sa yo ka redwi tan an pou kominike rezilta yo pasyan yo. Silabmed ofri tou yon pòtaly entènèt ki aksesib a pasyan pou yo ka rekipere rezilta yo dirèkteman sou entènèt e an tout sekirite.

SIL sa tou jere doktè, enstitisyon sante ak laboratwa afilye, baz done li yo totalman sekirite ak mete ajou nan tan reyèl, konsa limite tan ke anplwaye yo pase nan antre enfòmasyon nan sistèm nan . Pwodiktivite a se youn nan benefis enpòtan pou itilize yon SIL nan laboratwa a. Tan kaptire ak rechèch yo redwi, automatisation nan sistèm travay anpil pèmèt anplwaye yo konsantre sou travay ki pote reyèl valè te ajoute.

Avèk plis pase 15 ane eksperyans avèk laboratwa diferan gwosè, nou konnen trèbyen bezwen kliyan nou yo. Pou rezon sa a, nou menm tou nou bay sipò enpòtan pou deplwaman sistèm ak fòmasyon anplwaye, kòm chwazi yon lis oswa chanje li ka pafwa difisil. Ekip TainoSystems nan travay ansanm ak ekip nan laboratwa pou ke tranzisyon an ka efikas ak agreyab pou tout moun.

Nou konnen tou aktivite ekonomik ak règleman yo toujou ap evolye., Silabmed rete fleksib menm apè enstalasyon. Lè wap chanje regilasyon oswa biznis ap gwosi, ou pap bezwen konsidere chanje sistèm jesyon, Silabmed fèt pou akonpaye w nan chanjman sa yo.

Anvan ou fè yon chwa enpòtan pou laboratwa ou, pa ezite kontakte TainoSystems pou plis detay sou pwodwi nou yo. Karakteristik inovatif ak pwogrè nan pwodiktivite se jis de nan anpil benefis ke nap ba ou yo !